Temwen Jewova

Temwen Jewova kòmanse yon kanpay pou envite moun yo nan evènman espesyal yo pral fè

Moun ki rete São Paulo, SP ak nan lòt zòn ankò envite nan de evènman espesyal ki pral fèt nan mwa mas nan kote Temwen Jewova yo reyini

Temwen Jewova: Pou anpil moun, dimanch k ap 24 mas ka yon jou nòmal, men pou kèk milyon moun toupatou sou tè a, jou sa a pral yon jou ki vrèman enpòtan, kote yo pral reyini, apre solèy la kouche, pou yo sonje lanmò Jezi Kris.

Memoryal Lanmò Jezi Kris se jou ki pi enpòtan pou Temwen Jewova yo. Nan ane sa a, dimanch k ap 24 mas, apre solèy la kouche, koresponn ak jou 14 nizan dapre kalandriye juif yo. Plis pase 8,6 milyon Temwen Jewova toupatou sou tè a pral reyini pou yo sonje dat sa a ki enpòtan e yo envite lòt moun pou yo prezan tou, yon fason pou yo obeyi lòd Jezi te bay, nou jwenn li nan Lik 22:19: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m”. Ane ki te pase a, prèske 20 milyon moun te prezan nan evènman sa a.

Men sa Estevão Januário, pòtpawòl Temwen Jewova yo di: “Anpil moun ki pa Temwen Jewova konn asiste Memoryal la toupatou sou tè a. Nou swete pou moun  ki rete nan zòn nou an vin patisipe ansanm avèk nou nan selebrasyon sa a pou yo sonje lanmò Jezi e pou yo montre rekonesans pou sakrifis li a. Malgre li  yon okazyon ki sakre, se yon moman tou pou nou rejwi, pou nou fè konesans ak lòt moun e pou nou pataje kè kontan nou genyen lefètke nou suiv Jezi.”

Artigos relacionados

Evènman sa a pral dire inèdtan. Y ap bay yon diskou ki pral pale sou enpòtans lanmò Jezi ak fason lemonnantye ka jwenn byenfè nan sa li fè pou nou.

Nan vil São Paulo, y ap reyalize yon kanpay espesyal pandan mwa mas 2024 pou envite moun yo vin asiste Selebrasyon Anyèl Soupè Seyè a, epitou yon diskou espesyal k ap fèt yon semèn anvan Memoryal la.

“Viktwa sou Lanmò grasa Rezirèksyon!” se tèm pou diskou espesyal k ap fèt nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo nan wikenn 16 ak 17 mas 2024. Diskou sa a ki baze sou bib la, pral dire 30 minit e yo pral konsantre sou espwa biblik konsènan rezirèksyon mò yo k ap fèt alavni.

Men sa Letícia Raimundi di: “Chak ane fanmi mwen an tann diskou espesyal ak Memoryal la avèk anpil enpasyans. Evènman sa yo  pratik e  enstriktif, men yo ede n tou pou nou pran yon ti poz pou n reflechi sou tout bagay nou ka rekonesan, bagay sa yo nou kapab konsidere kòm benediksyon Bondye.”

Pou w vinn konnen plis sou fason Temwen Jewova yo selebre Soupe Seyè a, al nan sit ofisyèl Temwen Jewova yo, jw.org nan ribrik Kesyon moun poze souvan sou Temwen Jewova yo.

Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou Memoryal 2024 la ak diskou espesyal e ki jan ou ka patisipe, tanpri, al nan sit jw.org.

Potpawòl Temwen Jewova yo

Estevão Queiroz Januário

Telefòn: (11) 97421 2527

Mostrar mais

Deixe um comentário

O seu endereço de e-mail não será publicado. Campos obrigatórios são marcados com *

Botão Voltar ao topo